Sou koze patrimwàn gastwonomik nan peyi Dayiti : kisa vil Mibalè di alèkile ?


Gastwonomi, se konnen  fè manje byen  selon règ ki la pou sa yo, pandan n ap byen pran swen pwodwi ki ap itilize yo. Sa ki sijè materyèl gastwonomi an, se tout sa ki ka manje.

           Anpil rejyon nan mond lan, e menm nan peyi Dayiti defini kèk teknik byen espesyal pou prepare  pwodwi yo pou moun ka manje. Depi teknik yo prezante douvan moun ak pwodwi final yo, moun tou ka idantifye nan ki rejyon yo sòti. Tankou teknik ki tabli nan peyi Dayiti pou prepare ; konparèt nan jeremi, dous makòs nan ti gwav,  diri ak lalo nan latibonit. Lis eleman sa yo klase nan rejis patrimwàn kiltirèl ayisyen an, selon yon envantè ministè kilti ak kominikasyon te sòti sou patrimwàn imataryèl nan lane 2019 la nan peyi Dayiti.

          Alèkile, nou fouye nan achiv, nou poze ansyen ki nan vil mibalè ki chita kò li nan plato santral peyi Dayiti a kesyon. Travay sa yo fèt nan lide pou konnen sa mibalè pwodwi nan sa gen pou wè ak koze gastwonomi. Gastwonomi ki ta ka antre nan lis patrimwàn kiltirèl peyi Dayiti tou, men li sanble bagay sa yo absan nan vil la. Nan sans sa a, n ap mande èske se pa neglijans otorite nan lokalite  yo sou koze lakilti ki eksplike fenomèn sila ? Nan ka sa a, nap mande kouman nou kapab fè pou valorize vil mibalè a nan sa li ap pwodwi sou koze gastwonomi an ? 

          Alòs, nan kad travay sila, se yon kesyon de kreye yon kwizin pou vil mibalè pandan gen yon  politik piblik ki tabli pou valorize pwodwi lokal nan vil mibalè plato santral peyi Dayiti a. Travay sa dwe fèt pandan n ap envite plizyè disiplin syantifik bò tab la. Alòs anvan nou ale pi lwen, li enpòtan pou bay yon ide sou sa yo di patrimwàn nan ye.

Kisa ki patrimwàn lan ?

          Tou dabò, selon yon konvasyon UNESCO te adopte nan lane 1972, « patrimwàn se ansanm byen mobilye oubyen imobilye, ki kapab yon pwopriyete piblik ou prive, ki prezante yon enterè istorik, atistik, akewolojik, estetik, syantifik ou teknik. Yo bay li tou pou eleman patrimwàn kiltirèl materyèl. Lòt fason nou kapab di, se yon byen materyèl ou imataryèl kote youn nan karakteristik li se makònen jenerasyon ki pase yo ak sa ki ap vini yo. Li la pou pote temayaj yo, poutèt sa, li merite konsève pwoteje e transmèt ak jenerasyon ki ap vini yo. Kidonk, travay sa yo ap ka rive fèt, se lè moun kòmanse ap valorize  kilti yo nan sa y ap konsonmen.

Pwodwi moun konsonmen ede lòt gen yon lide sou kilti li
          Kilti, se tout sa moun ajoute nan lanati. Nan kilti sivilizasyon ak ideyoloji, pou yon sosyològ kebekwa ki rele Guy Rocher, « kilti a se yon ansanm ki makònen ak fason moun panse, fason yo santi ak fason yo aji plizoumwen anndan yon fòm ki tabli pou sa, moun aprann e pataje avèk plizyè lòt moun, bagay sa yo sèvi yon mannyè objektif e senbolik, pou soude moun sa yo nan kolektivite patikilye e  distenge ».

          Fason yon moun manje kapab ede yon lòt gen yon ide sou pèsonalite li. Menmsi sa pa ase, men kanmenm li se yon eleman nan ansanm lan. Fòk moun pran kont tout ti pati yo pou jeneral la kapab fòme, travay sa ap mande pou gen plizyè linèt diferan. Nan lane 1825, Brillat-Savarin, yon gastwnòm fransè te rive fouye linèt pa li nan ansanm lan, e li te rive sòti ak yon pawòl : « Di  mwen sa ou manje, m ap di ou kilès ou ye. ». Pawòl sa fè konnen sa moun ap manje makònen ak pèsonalite li tou.

          Nan sans sa a, li enpòtan pou mibalè genyen fòm lamanjay ki pwòp  avèk li nan sa ki gen pou wè ak  koze gastwonomi an. Paske, nou chèche nou pa janm rive jwenn pou jis kounya kote vil mibalè a pote kontribisyon pa li  nan fè pale de patrimwàn gastwonomik nan peyi Dayiti. Pou sa fèt, li mande pou moun reveye kapasite kreyatris yo pou travay sou teknik ki ap kapab ede travay la reyalize. Fè demach pou kapab envesti nan koze agrikilti, pèche ak levaj, paske pap ka gen manje lokal san eleman ki site la yo. Sa vle di, san yo, nou pa menm bezwen panse nap jwenn lamanjay, elewè pou n ta ap valorize yo.

          Fòk lavi vant moun nan kanton an sekirize, sa vle di fòk gen manje dekwa pou moun ka jwenn. Sipoze gen aksè avèk manje sa yo nan yon kantite ki sifi pou tout moun avèk kalite kote moun gen mwayen nan men yo pou ale dèyè manje sa yo. Diplis, lè moun sa yo fin gen aksè ak manje yo,  levasyon yo dwe fèt sou kouman moun pran laswenyaj nan lide pou ka itilize manje sa yo nan bon jan kondisyon ki ap itil espès moun. Konsa, pa mwayen kominikasyon moun ap kapab transmèt fòmasyon sa yo avèk lòt ki nan antouraj yo. E pou kalite manje ki dwe pwodwi nan vil yo menm ?


Atansyon ak sa ki ap antre nan vant nou

          Nan sa ki ap antre nan vant, li enpòtan pou n verifye byen nan lide pou evite detwi pwòp tèt nou san konnen. Sa ka rive n ap valorize yon pwodwi lokal, poutan, li gou nan bouch e an menm tan li se yon pwazon pou kò a. Sa vin mete nou nan sitiyasyon pou fè yon chwa ant sa ki ta ka plis nan enterè nou yo. Yon plezi nan bouch pandan kèk minit avèk yon plezi  kap ravaje kò a pandan plizyè lane : pou ki sa nan yo pou moun ta sipoze kouri  lwen ?

          Antouka, si n ap valorize pwodwi lokal yo, nou sipoze egziste dabò. San valè pa ka gen moun, e san moun pa ka gen valè non plis. Si nou vle pou valè sa yo transmèt avèk jenerasyon ki ap vini yo, li nesesè pou espès moun yo rete pwoteje e konsève. Épicure, yon filozof grèk ki te renmen pran plezi li anpil, te rive pratike pridans pandan li ap pran plezi li. Pridans sila te rive ede l idantifye ki plezi pami tout sa li te konn ap pale yo ki kapab fè li plis byen pase mal. Aprè li te fin idantifye diferan plezi sa yo, li te chwazi kouri lwen sa ki ap fè li plis mal pase byen yo. Yon gode dlo fre kapab bon nan bouch pou pase swaf se vre.  Men, li enpòtan  pou moun verifye pou wè si dlo sa a pa ta ka bay kolera aprè moun fin bwè li. Lè sa a moun ap ka konnen ki chwa ki ap plis itil selon objektif li. Kidonk, sa moun ap manje kontribye byen nan eta sante li.

           Maladi, se youn nan faktè ki kapab disparèt anpil espès sou planète tè sa a. Li fasil pou yon moun pran maladi nan kalite manje  li ap manje. Se sa ki fè, gen anpil moun ki rele tèt yo save te toujou ap fouye toupatou pou rive konnen ki kalite manje ak ki fason moun dwe manje ki kapab pèmèt li rete an sante pou lontan. Hippocrate, youn nan save ki konsidere tankou papa medsin mond lan te konnen ki nan lagrès anti, te rive fè konprann : sante moun chita nan sa yo ap manje. Pi douvan nou ta pral jwenn lòt moun ki se espayalis nan bay règ sou fason moun ta dwe manje ki tap pral vin parèt tou pou kontinye fè rechèch. Alò, tout dilijans sa yo fèt nan lide pou konsève e pwoteje espès moun pou yo ka rete viv sou planèt tè sa a. Kounya, kouman nou kapab atire touris nan plato santral ak pwodwi lokal yo ?

An nou panse pwodwi pou vil la, pou touris kapab panse vin visite nou

          Dabò, fòk  gen pwomosyon ki fèt pou pwodwi moun nan zòn nan ap ofri yo. Manje yo dwe prepare yon mannyè pou atire lòt moun, lè moun goute yo pou yo ka wè yo bon nan bouch. Menmsi, selon yon filozof alman ki rele Emmanuel Kant, koze sou gou pa diskite, li san enterè e chak moun gen pwòp gou pa yo, paske gou a pa chita sou objè a, men se pito nan sijè a. Sa vle di gou a pa chita nan pwodwi lokal yo, men pito nan moun kap manje pwodwi yo. Malgre tout koze sa yo, sa pa anpeche ou tande koze sou jijman sou gou ap fèt nan tout sosyete, sa vle di li inivèsèl. Men, pou Pierre Bourdieu, sosyològ, gou a se pwodwi nòm sosyal yo li ye. Sa vle di li se on  konstwi, e li kapab varye pou on moun ak on lòt on sosyete ak on lòt nan on epòk byen espesyal. Dekoule de bagay sa yo, nou kapab konstwi gou opinyon piblik la pou fè pale de pwodwi vil mibalè a ap ofri. Lè sa a, touris ap anvi vin fè yon ti goute. Pou fè bagay sa yo, gen espesyalis ki la pou jere koze sa yo menm.

          Menmjan  Jean-Pierre Poulain te ka fè konprann li :  «  patrimonyalizasyon pèmèt ekonomi lokal la devlope pa mwayen sikilasyon touristik  la ; avèk agrikiltè yo, pwofesyonèl sou metye pou bouch, atizan sou objè pou  tab ak kwizin ».  Depi gen touris  ki ap plede fè ale vini nan depatman an, se ap yon opòtinite pou ekonomi lokal la vanse. Nan festival yo, fèt patwonal yo ap toujou kapab gen pwodwi lokal ki disponib pou lòt moun konsonmen. Konsa, pandan nap montre sa vil mibalè a kapab remèt nan kwizin nan, ekonomi lokal la ap tou pwofite fè chimen devlopman. Lè sa a, kondisyon materyèl sou egzistans moun nan kanton an va chanje. Travay la pa fasil, li mande tan, pou gastwonomi peyi lafrans lan te rive antre nan lis patrimwàn limanite genyen, sa pat rive fèt jodi a demen.

Pou nou  mete fen…

          Kidonk, vil mibalè plato santral peyi Dayiti kapab travay pou valorize pwodwi lokal yo nan koze gastwonomi an. Pou sa fèt, fòk nou envante yon kwizin ki rele li chè mèt chè mètrès li, pou vil la. E tabli yon politik piblik pou valorize pwodwi lokal yo. Nan politik sila, gen mezi ki dwe pran pou tout moun jwenn manje an kantite ki sifi. Fè envestisman nan sektè agrikòl la. Travay pou levasyon popilasyon an kapab fèt sou kouman li dwe manje selon règ ki tabli pou sa. Panse pou travay sou teknik kap pèmèt moun prepare manje yo nan lide pou ka atire atansyon touris yo, pou devlopman ekonomi lokal la. Lè n ap konsidere kesyon sou diferan kwayans moun genyen, kouman pou pwodwi lokal yo ta ka prepare nan lide pou satisfè tout moun nan kanton an ?


Daprè Wady Levy : etidyan nan listwa atizay ak akewoloji nan Inivèsite Leta Dayiti a.



Bibliyografi :
-JEAN-FRANÇOIS Balaudé,   « Épicure » in Collectif, Gradus philosophique, Paris, Garnier Flammarion, 1996.
-KANT Emmanuel, Critique de la faculté de juger,éd.F.Alquié, Gallimard, coll. « Folio Essais » , Paris 1985.
-UNESCO, Convention concernant la protection du patrimoine mondial culture et naturel, Adoptée par la conférence générale à sa dix-septième session, Paris, 1972.
-Dokiman sou entènèt :
-France Culture, Dis moi ce que tu manges et je te dirai ce que tu es, document en lignehttps://www.google.com/url? Sa=t&source=web&rct=j&url=https//www.franceculture./oeuvre/dis-moi-, consulté le 23 novembre 2019.
-LA France en Tunisie, La gastronomie française inscrite au patrimoine de l'humanité, document en ligne<https :www.google.com/url? Sa=t&source=web&rct=j&url=https//tn.org/La-gastonomie->, consulté le 25 novembre 2019.
-LE NOUVELLISTE, Le patrimoine gastronomique haïtien : un marqueur, document en lignehttps://www.google.com/url? Sa=t&source=web&rct=j&url=https//le nouvelliste.com/public/article/>, consulté le 23 novembre 2019.
-LE NOUVELLISTE, Peti-Goâve sucrée au «  Douce Marcos », document en ligne, <https://ww.google.com/url? Sa=t&source=web&rct=j&url=https//lenouvelliste.com/public/article/ consulté le 23 novembre 2019.
-NOUVELLES, Liste des éléments culturelles classés au Registre National du Patrimoine Culturel Haïtien, document en lignehttps://www.google.com/url? Sa=t&source=web&rct=j&url=https//www.ipimh.org/nouvelle.p hp%3Fid%3D41&v, consulté le 6 novembre 2019.

Commentaires

  1. Wady teks la enteresan. Bravo zanmi m. Men m wè w fè lekti a sèlman nan nivo mikwo. Ou panse Mibalè ka rive fè travay saa si leta santral pa gen yon politik piblik ki pèmèt kolektivite yo abòde problèm sa yo. Sitou avek pwoblem leta konsantre a. Paske Mibalè pa sel komin ki fè fas ak pwoblem silaa.

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Nan non Émancipation n ap remèsye ou zanmi,

      N ap mansyone pou ou : nou abòde sijè a konsa, paske youn nan karakteristik pwojè Émancipation an se tabli on lyen ant inivèsite a e manm popilasyon plato santral peyi Dayiti yo.
      Se sa ki fè, majorite travay n ap antre pran yo ap chita plis sou plato santral.

      Nou kapap toujou konstate sa, koze lakilti pat toujou yon priyorite pou Leta ayisyen an. Sinon, nan deklarasyon politik jeneral yon chèf gouvènman tankou Jacques Eduard Alexis nan lane 2007 douvan palman ayisyen an, yo pa t ap fè konprann kilti se dènye prewokipasyon Leta ayisyen genyen, paske se an ywityèm e dènye pozisyon koze sila te plase. E, pratik yo te pwouve sa klè, kifè moun te toujou konn ap plenyen nan peyi sou koze lakilti. Moun kapap toujou li diferan pwen nan diskou minis Jacques Eduard Alexis a nan on tèks on atis plastisyèn tankou Barbara Prezeau ki gen pou tit : La richesse culturelle d' Haïti Mythe ou réalité ?

      Alèkile, se toujou menm penpenp lan nan peyi a sòti 2007 pou rive jouk kounya. Nan ka sa, nou panse se chak depatman jewografik yo ki pou leve kanpe pou fè tande kri yo, nan sa ki gen pou wè ak lit y ap mennen pou devlopman peyi a.

      Kidonk, se tout patikilye yo ki pou mete ansanm, pou ka fòme jeneral la. Wi, nou panse mibalè kapab rive fè travay sila.

      Supprimer
  2. Bravo pou teks ou wa kamarad... mwen wé ou pale de politik piblik leta, de pwodiksyon manje pou tout ayisyen... Malerezman nou pa ka konte sou modèl leta sa nou gen la pou fè travay sa. Pou nou rive nan nivo sa deja fòk nou goumen pou nou soti nan kesyon ekonomi ekstravèti, liberal la brèf soti anba dominasyon gwo peyi mete yon leta kap panse pou devlopman ekonomi peyi a nan enteré majorite a ...

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire