Articles

Affichage des articles du mars 22, 2020

Sou koze patrimwàn gastwonomik nan peyi Dayiti : kisa vil Mibalè di alèkile ?

Image
Gastwonomi, se konnen  fè manje byen  selon règ ki la pou sa yo, pandan n ap byen pran swen pwodwi ki ap itilize yo. Sa ki sijè materyèl gastwonomi an, se tout sa ki ka manje.            Anpil rejyon nan mond lan, e menm nan peyi Dayiti defini kèk teknik byen espesyal pou prepare  pwodwi yo pou moun ka manje. Depi teknik yo prezante douvan moun ak pwodwi final yo, moun tou ka idantifye nan ki rejyon yo sòti. Tankou teknik ki tabli nan peyi Dayiti pou prepare ; konparèt nan jeremi, dous makòs nan ti gwav,  diri ak lalo nan latibonit. Lis eleman sa yo klase nan rejis patrimwàn kiltirèl ayisyen an, selon yon envantè ministè kilti ak kominikasyon te sòti sou patrimwàn imataryèl nan lane 2019 la nan peyi Dayiti.           Alèkile, nou fouye nan achiv, nou poze ansyen ki nan vil mibalè ki chita kò li nan plato santral peyi Dayiti a kesyon. Travay sa yo fèt nan lide pou konnen sa mibalè pwodwi nan sa gen pou wè ...