Yon Ti limyè sou listwa Benwa Batravil
Si gen yon koze anndan li anpil fouyapòt mete bouch e menm yon istoryen ayisyen ki rele Woje Gaya te blije fè entèvansyon pa li tou, konnen se koze sou egzistans Benwa Batravil la. Listwa peyi Dayiti fè konnen mouche sa a ki rele Benwa Batravil la se te youn nan militant ki te bagay kont okipasyon meriken ki te tabli nan peyi Dayiti, sòti nan lane 1915 pou rive nan 1934. Yon istoryen tankou Woje Gaya rive menm pran tan li pou ap fè pòtrè Benwa Batravil. Gen lòt ki rapòte mouche sa a se te piti Jozèf Benwa Batravil ki se te konpay Jan-Jak Desalin ( ewo endepandans peyi Dayiti). E li te ap viv nan plato santral peyi Dayiti. Li tabli baz li la pou te ka konbat blan meriken yo pandan moman okipasyon an. Aprè lanmò Chalmay Peral, se li menm ki te vin chèf nan tèt lame revolisyonè a. Nan lane 1920, ennmi te rankontre avèk li nan zòn Laskawobas tou pre baryè wòch. Nan rankont bab pou bab sa a, yo te rive etenn souf mouche Benwa Batravil, e mou...