Yon Ti limyè sou listwa Benwa Batravil

Si gen yon koze anndan li anpil fouyapòt mete  bouch e menm yon istoryen ayisyen ki rele Woje Gaya te blije fè entèvansyon pa li tou, konnen se koze sou egzistans Benwa Batravil la. Listwa peyi Dayiti  fè konnen mouche  sa a ki rele Benwa Batravil la se  te youn nan militant ki te bagay kont okipasyon meriken ki te tabli nan peyi Dayiti, sòti nan lane 1915 pou rive nan 1934.


Yon istoryen tankou Woje Gaya rive menm pran tan li pou ap fè pòtrè Benwa Batravil. Gen lòt ki rapòte mouche  sa a se te piti  Jozèf Benwa Batravil ki se te konpay Jan-Jak Desalin ( ewo endepandans peyi Dayiti). E li te ap viv nan  plato santral peyi Dayiti. Li tabli baz li la pou te ka konbat blan meriken yo pandan moman okipasyon an. Aprè lanmò Chalmay Peral, se li menm ki te vin chèf nan tèt lame revolisyonè a. Nan lane 1920, ennmi te rankontre avèk li nan zòn Laskawobas tou pre baryè wòch. Nan rankont bab pou bab sa a, yo te rive etenn souf mouche Benwa Batravil, e mouche a te ale antere tou dwat nan simetyè Mibalè a.


Kounya, dekoule de tout bagay sa yo, nap mande eske se  tout bon vre mouche Benwa Batravil alyas ( Ti-Benwa), jeneral lame revolisyonè a te rive mouri epi antere nan simetyè Mibalè a ? Bon, si Ti-benwa se te moun plato santral, li tap  batay nan zòn nan, e li menm rive mouri e antere la, enben,  kote tras li ? Kisa ki rete dèyè pou moun ka idantifye avèk gason sa a yo rele Benwa Batravil la ? Kisa ki rete tankou vèstij materyèl avèk fosil( sa yo rele zosman an) ? E depi kilè yon gwoup ekewològ te pwente pye yo nan simetyè Mibalè  a pou te vin fè yon  pwospeksyon akewolojik ? Ki vle di fè mannyè pou rive detekte zo ak lòt objè ki temwaye sa ki di sou Benwa Batravil yo.

Bon, koze mande chez pou chita 


Nesesite pou lòt disiplin syantifik yo prezan bò tab la pou ka fè limyè sou listwa Dayiti a


Listwa peyi Dayiti rakonte Benwa Batravil se te moun plato santral, e koze sa a ap klewonnen nan zorèy moun sa fè kèk tan. Bagay sa a fè moun ki renmen  fouye zo nan kalalou ap poze tèt yo anpil kesyon. Alòs, nan ka sa a, gen moun ki lonje dwèt jouda yo sou simetyè Mibalè a pou di se la Benwa Batravil te antere. Gen lòt ki rive goumen ak yon seri kokenn chenn zèb ki leve nan simetyè a, nan lide pou  deboure  pou ka montre yon ekriti nan yon kav nan menm simityè sa a ki siyen non mouche jeneral la. Kidonk, dekoule de sa ki di la yo, èske bagay sa yo ase pou di Benwa Batravil te antere tout bon vre nan simityè mibalè a ?


 Nou ap  reponn pou di : non, bagay sa yo twò fèb pou ta bay bon jan enfòmasyon sou tras Benwa Batravil nan simetyè Mibalè a nan Depatman Sant peyi Dayiti. Enfòmasyon ki parèt douvan nou, se bagay ki  merite kesyone, analize pou ka konnen nan ki panyen yo kapab  ale tout bon vre. Di Benwa Batravil te antere nan simityè Mibalè a san pa gen pyès pwèv akewoloji sou sa, se tankou se te yon blag ki te bay. Di yon bagay konsa san pa gen jan de pwèv sa yo sou sa tou fè moun fè vizyon granmoun lontan ki te konn ap tire kont : krik krak, tim tim bwa sèch.


Alòs,  se pa tout sa ki di ak bouch oubyen ki ekri yon kote ki blije se  verite pou sa. Si se ta konsa, bagay yo tap twò fasil nan men nou mezanmi nan kanton an. Yo rakonte nan liv «  Map li ak kè kontan » istwa Tezen nan dlo ki se te yon pwason ki te renmen avèk yon tifi. Alòs, kouman yon moun pral ka kanpe istwa sa a pou montre li te rive tout bon vre ? Kòm otè ki ekri kont sa a te gentan di se yon manti li te bay, men nan ka kontrè nou tap blije mobilize akewoloji ki espesyalize pou fouye tout anba dlo pou rive konnen de ki prevyen ak de ki mannigans yon pwason fè pran yon moun pou madanm li a ? Gen yon lòt koze yo te konn rakonte tou wi nan site Lagrès antik ki nan kontinan Ewòp la.


 Nan site lagrès antik, lè lapli te konn ap tonbe epi gwo loraj ap gwonde,  sa te  konn fè anpil moun pè. Gen ladan yo ki te kon di se Zeus ( dye solèy la) ki te konn ap eseye zanm li. Men, jounen jodi avèk zouti  moun genyen nan men yo, yap sonde  sa pawòl sa fè menm. Men, malgre tout zouti sa yo, pou jis kounya moun pa janm ka rive konnen tout bon vre ki kote mouche Zeus kache pou li ap entimide moun ak gwo zam sa yo. Touswit, bagay sa fè moun konprann genlè se te nan tèt moun ki tap bay blag sou Zeus la pawòl sa te chita kò li.


 Antouka, tout sa ki di mande bon jan verifikasyon pou rive konprann si se pa nan manti zòt vin ap pase moun. Menm Hérodote ki konsidere tankou papa listwa, se pa tout sa li te di moun te rive dakò avèk li. Sinon, Thucydide  ki konsidere tankou papa listwa kritik pa tap rive klase Hérodote nan mitan moun ki konn ap ekri pwezi yo. Pwezi bagay ki pa verite men ki ka fè kè moun ki ap li l la kontan pou yo dòmi sou swaf yo ak lamizè. Alòs pou koze Benwa Batravil la nou gen anpil rezèv. 


E si ta genyen pwospeksyon akewolojik ki ta vin fèt nan simetyè Mibalè a ?


Toutfwa, nou pa ekate posibilite pou se ta nan simityè Mibalè a Ti-benwa te antere. Men, fòk gen rechèch akewolojik ki fèt sou sa ki di sou Benwa Batravil la, nan lide pou klere  lantèn moun pi byen. Pawòl ki di sou li yo ka sèvi nou tankou bousòl pou rive pran chimen simetyè a pou ka ale fè verifikasyon an. Menmsi nan simetyè  Mibalè ta gen kav ki gen non Benwa Batravil enskri sou li, sa pa ase pou nou ta gentan kouri di se nan espas sa Benwa Batravil (ki te Batay kont okipasyon meriken an ki te tabli nan peyi Dayiti sòti 1915 pou rive nan lane 1934 la) te antere vre. Paske, simetyè Mibalè a fèt pou resevwa nenpòt lòt moun ki ta rive mouri. Enben, non Benwa Batravil la nenpòt lòt moun te kapab pote li nan nenpòt moman ak nenpòt zòn tou. Menmjan gen anpil moun ki rele; Pyè, Jan, Jak ak Antwanèt, konsa tou gen anpil lòt ki rele : Benwa ak Batravil. E si  kav yo montre  a ta konstwi yon mannyè senbolik nan non Benwa Batravil nan simetyè Mibalè a tou?  Kidonk, fòk moun trè pridan ak fòm enfòmasyon sa yo pou pa lage moun nan tou fènwa pi fon toujou nan sa ki gen pou wè ak listwa peyi Dayiti.


 Jounen jodi, fè listwa se pa sèlman rakonte ak moun sa ki te pase, men li se tou travay ak anpil lòt disiplin syantifik pou ka verifye byen fonde sa ki ap rakonte yo. Si nou di nap fè levasyon popilasyon an tout bon vre, fòk Leta pa neglije envesti ak tout fòs nan sa ki ap ka ede nou vanse, lè sa  a, zòrey pitit pèp la va  sispann kochi nan tande sa ki pa pwouve syantifikman kap bay nan lari a, sou radyo yo ak nan bouch pwofesè lekòl yo sou listwa peyi Dayiti. Si nou vle kanpe Benwa Batravil tankou yon potorik gason e pèsonaj istorik ki tap viv nan plato santral, enben, nou gen gwo travay ki pou fèt. Paske, done ki gen nan achiv ki la yo pa ase pou ta rive fè travay sila. Nan ka sa a nou ka toujou rakonte moun istwa sa yo wi, men pandan nap sonje di ak moun tou  bagay sa yo pa te gen ase pwèv syantifik ki bay sou yo tout bon vre. Si lè moun te fin tande bagay la, aprè li te tou mete tout posibilite dout yo  nan tèt li,  sa pa tap di anyen non. Men, se lè li fin tande li, e li kwè ladann  san pa gen verifikasyon serye ki fèt la ki kraze jwèt la nèt. 


Simetyè Mibalè a ta ka antre nan lis patrimwàn materyèl peyi Dayiti genyen. Men, fòk ta  genyen dabò, bon jan rechèch ki fèt ki bay pwèv ki kenbe sou sa ki vle fè konnen te gen moun yo bay anpil valè ki fè non li enskri nan listwa gwo moun nan peyi Dayiti, e ki te antere nan espas sa a.


Pou nou mete on bout…


Boutofen, pandan nap tann bon jan rechèch ki pou ta fè limyè pou klere lantèn moun sou koze Benwa Batravil la, nap toujou rete doute sou tout sa moun ta ka vle fè kwè sou potorik gason sa a. Listwa se pa mete chita anpil moun douvan ou pou ap chante anriyèt kantamwa. Fòk pèp la konnen nan bon ti mamit enfòmasyon ki bay sou listwa peyi li. Fòk dabò, gen yon rechèch ki vin fèt sou Benwa Batravil nan simetyè Mibalè a, e, pou se yon kominote syantifik ki gen anndan li moun ki gen espesyalite nan domèn akewoloji ki pou valide rapò ki ap bay sou rechèch yo. Lè sa a, moun va fòse kenbe sa ki di yo e fè levasyon lòt moun avèk yo pandan nap tann yon lòt pwèv ki ta ka konteste rapò sila.


Daprè Wady Levy : etidyan nan listwa atizay ak akewoloji nan Inivèsite Leta Dayiti a.

Bibliyografi
-GUY Bourdé et HERVÉ Martin, Les écoles historiques, Édition du Seuil, Paris, Juin 1983 et janvier 1997.
 -JAQUELINE de Romilly, Histoire et raison chez Thucydide, Paris, Les Belles Lettres, 1967.
-ROGER Gaillard, Les blanc débarquent, Guérilla de Batraville, Sl. Imp. Le Natal, 1983.
-Dokiman sou entènèt :
-Le NOUVELLISTE, La tombe abandonnée de Benoît Batraville, document en ligne< https://www.google.com/url? Sa=t&=web=&rct=jurl=https:// le nouvelliste./publicité/index/article, Septembre 2018, consulté le 18 novembre 2019.

Commentaires